21 Septembre 2003.- LE COIN DE CARL PARLANT DE
TOUT ET DE RIEN.-
HAITIAN CREOLE
VERSION OF « CARL’S CORNER » ON RADIO HAITI FOCUS IN NEW YORK, ON 21 SEPTEMBER,
2003.
Ari, mwen gen 4 mil
290 mo pou-m voye moute nan 30 minit. Nomalman se 4 mil mo pou 30 minit. Ma fè
sa mwen kapab pou-m pa depase limit-la, map koumanse.
KWEN
KAL RADYO FOKUS, NOUYOK, DIMANSH 21 SEPTANM LANNE 2003
« Pou
yon nèg wouj , pitit Charles Fombrun anpil Ayisyen ta
rele "boujwa", Kal bay lang kreyòl-la diyite li anplis li mete ti zepis nan
koze-yo. » Siyen : Max Manigat, Profesè
Listwa, City College, vil Nouyok, pandan plis de 20 lanne. Pwofesè nan kontinan
Lafrik la tou, anvan sa, nan peyi d-Ayiti.
BON.E POU MWEN KOUMANSE ZANMI
MWEN YO.
BONJOU TOUT MOUN A LA ROND BADÈ ! Gen twa bagay ki fè
mwen ka pale apre midi-an sou Radio Fokis.
YOUN:
Se invitasyon Direktè Ari
Jozef pou mwen patisipe ak "Kwen Kal"-la nan Radio
Haiti Fokis. Ari ale, li tounen, men mwen poko menm derape.
DE:
Se liv, jounal, odinatè, ak tripotay ki fè de mwen yon kronikè, yon istorien
nan “Kwen Kal Radyo Fokis”-la pou listwa ofysyel ak la ptit istwa peyi d-Ayiti
ki chaje ak pikan. Anvan se te yon kronikè plim a la men mwen te ye pou jounal “
Haiti-en-Marche” an franse, epi “Haitian Times” an angle. Mwen te fè yon bout
rout ak yo tou le de.
TWA :
“Kwen Kal” Miami-an parèt anpil fwa nan radyo ak television , nan kanton Broward
ak Miami Dade, nan gwo inivèsite leta Laflorid, epi nan Libreri Mapou, sant
kilti pèp ayisyen vil Miami. Nap mennen.
Gen
bagay mwen pral pale sou listwa anpil ladan-nou konnen, men, gen lot moun vil
Nouyok ak lot kote ki mande-m pou mwen fè kèk jako tolokotok, sa ki vle di
repete sa mwen te bay deja. Noblès oblij. Gen lot moun peyi Kanada ki di-m yo pa
fò nan kreyol, yo paka li istwa kreyol mwen yo nan sit entènèt-la, poukisa mwen
pa bay yo-li sou radyo. Noblès oblij.
Istwa
peyi d-Ayiti se depi plis yon 200 lanne, e se esperyians pèsonèl mwen tou, mwen
viv, nan la ptit istwa peyi-nou, nou vle mwen tounen avè-li, avè-nou, ak anpil
zen sa-yo ki pa ekri nan okin liv. Map ban nou-li ti gout pa ti
gout . Map seye divèti-nou, ak chans pou mwen enfome
nou.
En menm tan map rete nan sa mwen kwè ki se la verite, tèt kale, men-m si pafwa
la verite ap yon chimen jennen. Ki jan blan franse-an di anko? “Toutes les
vérités ne sont pas bonnes à dire.” Sa se yon lot filozofi.
Nan
pwen jouda limanite pa dekouvri ak jouva jouvien. Mwen pwal voye moute nan lang
ayisienn-lan avèk nou, pa sèlman paske, kreyol pale kreyol konprann, men se yon
lang majorite pèp ayisyien renmen, se vre lang nasyonal-la.
Pale
franse pa vle di lespri, sa se la verite, pa konprann mwen mal, tande, franse
se yon bèl lang tou men rayi chen di dan-l blansh, kreyol-la se jaden papa-nou.
Rasin mwen se vil Gonayiv e mwen fèt vil Potoprens nan yon ti-peyi tèt chaje ki
rele Ayiti. Depi lè mwen te yon ti-kat kat gen de souvni mwen paka blyie. Yon gran filozof ki te rele Ulysse te konn di: “ Vini
zanmi mwen yo, li pa twò ta pou nou bati yon nouvo sosyiete. An nou shashe-li,
lè nou jwenn li an nou goumen pou-li .Pa lage-li. »
Yon
jou, kon jodi-an , laveni dèyè dò mwen ak 71 lanne
sou tèt mwen. Pou nou tout lavni se sa ki pwal fèt e ki apre yon-tan va sa nou
rele le pase, sak te fèt, bon ou move, ak tout konsekans yo, anvan-n mouri. Gen
sa ki gen chans, kon mwen, ki ka viv ak souvni-yo. Gen lot ki fè anpil pou peyi
d-Ayiti, ki mouri anvan lè yo, moun pa jan-m rekonèt-yo, la vi pat bay yo chans
sa-a. Jan zuzu franse-an konn di:
Sont
demeurés sans gloire au millieu des ténèbres. »
PWEMYE KOUT RIDO
Pwemyie fwa tonton Sam okipe peyi Dayiti sete mitan mwa juye lanne 1915 rive pou
mitan mwa a-out lanne 1934. Lanne 1934 te wè kreasyion La Gad Dayiti apre blan
meriken bat dèyè yo epi remèt nou peyi nou.
Tonton Sam
te
prevni eta majò nouvo Gad Dayiti-an, se pa pou li te mele nan politik
gouvènman-an, ki te nan men sivil-yo.
Prezidan Stenio Vincent, yon milat, chèf peyi-an depi lanne 1930 rive lanne
1941, pèp la vin konnen kon papa Vensan, profite pou li pran roulib sou lwa blan
meriken sa-a, ki te deklare militè pat gen dwa mele nan politik.
Papa
Vensan fè yon plebisit ki transfere otorite, tout sa ki pou te wè ak ekonomi
peyi-an, ki te nan men pouvwa lejislatif-lan, nan pouvwa exekitif, kote Vensan
sete sèl kok ki te chante.
Vensan, yon milat, te grandi nan la mizè e li pat twò alèz ak milat rish yo. Li
te renmen pran-yo nan shimen jennen. Li fòmen pwop ti gwoup milat pa li ki te
sou zod-li. Li bay jenn nwè-yo opotinite pou okipe gwo job nan leta kon Dimase
Estime, pitit yon abitan, li nonmen nan kabinè-li, minis ledikasyon nasyonal, ki
yon jou ta chita li menm son chez boure-an.
Lanne 1935 Vensan foure nan gagann mesyie lejislatu-yo yon nouvo konstitision ak
yon lot plebisit. Plebisit vle di yon referandom, kote se swa dizan pèp-la ki te
al vote pou chanjman sa yo.
La
Gad Militè Ayiti-an te gen kon chèf yon citwayen nwè, kolonel Démosthènes Pétrus
Calixte. Tout solda-yo te citwayen nwè, men, preske tout ofysie komandan yo ki
te ansèkle kolonel Kalix sete citwayen milat. Se konsa sytèm rasis sudis tonton
Sam, ki te okipe peyi-an, ak anpil militè blan kou rouj ladan-li ki rele red
neck nan leta Laflorid, te fome la gad Dayiti.
Papa
Vensan fè yon plebisit ki transfere otorite, tout sa ki pou te wè ak ekonomi
peyi-an, ki te nan men pouvwa lejislatif-lan, nan pouvwa exekitif, kote Vensan
sete sèl kok ki te chante.
Lanne
1935 Vensan foure nan gagann mesyie lejislatu-yo yon nouvo konstitision ak yon
lot plebisit. Plebisit vle di yon referandom, kote se swa dizan pèp-la ki te al
vote pou chanjman sa yo.
Nouvo
konstitisyion 1935 sa-a kanpe Vensan kon yon gwo zouzoun ak otorite pou revoke
mesyie palemantè-yo ki te nan lejislatu-an, lè lide-l te di-li, refè tout
tribinal ak jij pa-li, epi dwa pou li te nonmen pami yon total de 21 senatè 11
ladan-yo, ak lot dis-yo li te gen dwa chwazi e rekomande pou la chamb depite
vote pou yo. Vensan te sèl abit ekzekitif, lejislatif, ak la jistis.
Anplis, nouvo konstitision-an te bay Vensan dwa dirije peyi-an pa dekrè, sa ki
te vle di pou kont-li, lè la chanb ak sena pat an sesyion. Pouvwa lejislatif ak
pouvwa judisiè-an, sete 2 pope twèl anba kontrol pouvwa ekzekitif-la ak diktatè
Stenio Vincent, sèl kok ki te chante.
Se pou nou di Stenio Vincent te fè kèk bon inprouvman nan infrastrukti peyi-an,
men li pat pèmet aukin opozision kont gouvènman li-a. Li mete baboukèt nan dyiol
jounalis ak speaker radio, epi li gouvènen Ayiti Toma konsi sete jaden papa-li,
pou benefisie yon ti klik komèsan ak kèk komandan militè, moun pa-li, anba shal.
Plus cela change plus c’est la même chose.
La
ptit istwa. Pwemyie parantez pèsonel: Mwen te gen sèlman twa grenn rekolt kafe
sou tèt mwen lè senatè Chal Fonbren, papa mwen, ki te youn nan jenn senatè Vensan te revoke, akoz li te kritike nouvo
konstitusion 1935 lan, ki te bay Vensan tout pouvwa.
Minis
interyè Vensan, Jozèf Lanou, ale di yon zanmi papa mwen li te resevwa lod
prezidan Vensan pou mete Fonbren anba kod. Zanmi-an di Fonbren gaye kow-li.
Pyie kout pran douvan. Chal Fonbren kouri pran azil nan konsila peyi Kiba
potoprens.
Lè
sa-a, pat gen anbasad. Vensan pat kontan ak papa mwen paske Fonbren te kritike
tèt kale nan sena nouvo konstitusion 1935-la, ki te bay prezidan peyi-an, yon
sèl nèg, tout kalite pouvwa sou tout moun. Pèson pat gen dwa mande Vensan de ki
prevyen. Se pousa li te revoke senatè vil Gonayiv-lan.
Militè bot sire ak chèf biro envestigasyion kriminèl, Lietnan Jak Etièn, debake
lakay mwen, nan mitan lan nuit, aveni N bòw pon sen gero chimen dè Dal nan vil
potoprens..
Yo
fouye tout kay-la jouk nan grenyie pou wè si ansyien senatè Fonbren te
kashe-la. Lietnan Jak Etien te gen nan pye-li de gwo bot sire maron ; mwen te
genyen 3 grenn lanne sou tèt mwen e mwen te rotè bot li-yo.
La polis menm gade anba kabann.
Prezidan Vensan ki te renmen pale bon zuzu franse te gen yon jan li te konn fè
minis li-yo ri nan lang kreyol-la lè li te konn deklare pli bèl envansion
limanite sete kabann, « ou ka domi sou-li, ou ka fè lanmou sou-li, ou ka kashe
anba-li lè medam-yo vle twop atò. »
Ala
kontan Stenyo ta kontan jodi-a pou li ta pran plezi-li sou gwo « king size » yo.
Li ta bay prezidan Kennedy ak Bill Clinton konpetisyon.
Franswa Divalie, jenn gason lè sa-a, te koumanse ap aprand politik kraze zo, nan
obsève politik papa Vensan. Futu papa dok-la, te an fomasyion e se la li pran
non « papa »an li te renmen anpil depi kon senp doktè, « papa dok » nan bwa peyi
d-Ayiti. Mezanmi, makak wè, makak pwal fè.
DEZIÈM KOUT RIDO.-
Anba kolonel Kalix majorite gwo chabrak militè Gad Dayiti-yo te respekte
prensip pou yo pat intèvni nan zafè chire pit politik sivil-yo, jan blan
meriken-yo te vle .
Pawol-la, militè pat dwe nan politik menm jan ak tonton Sam bow isit. Adye ! Sa
ki vin pase prezidan Vensan ak prezidan diktatè jeneral Rafael Leonidas
Trujillo, peyi la Dominikani, koumanse ashte figu komandan militè ayisyien-yo ak
kob, bèl fanm, epi ak favè pèsonèl pou yo.
Pou
Vensan ki te deja tou sispèk Trujillo nan intrig peyi Dayiti, prekosion pat
kapon li bay kob tou. Men, Trujillo te gen plis lajan pou li bay pase Vensan.
Mwa Oktob lanne 1937, Trujillo chwazi kon eskiz te gen twop ayisyien pov, san
disiplin, ki te nwè e ki tap janbe fwontyiè-an, ki tap anvayi peyi-li.
Li
deklare sete yon nwizans pou pèp dominiken. Trujillo bay lame dominiken lod pou
asasinen 15 a 20 mil malere ayisyien sou fwontyiè-a. Lame Dominiken pou li te
identifie ayisyien te mande yo pronouse mo “pere-jil” lan ki vle di pèsi an
panyol. Malere fwè nou-yo te prononse-li “peLE-jil”.
Sa te
kont pou yo te identifyie-yo kon ayisyien. Lè sa-a bot sire dominiken fout
pataswèl sou yo ak kokomakak, ponya, manshèt, koupe tèt yo kon bèt nan abatwa.
Trujillo pat vle twop zam te tire pou moun pat tande. 20 mill inosan ayisyien
pèdu lavi-yo.
Tout
moun vin konnen non rivyiè galèt san sa-a, kote tout ayisyien yo mouri, kon
riviè Masak. Apre deblozay sa-a, prezidan Vensan aksepte resevwa yon kraze
kob , 750 mil dola US pou 20 mil kokobe, nan men
Trou-yo. Divize lajan sa-a pou 20 mil kadav sa te bay plizou mwens yon 37 grenn
dola pou chak malere ki te mouri. Adye ! Menm kraze kob sa-a twa ka fanmi viktim
yo pa resevwa sink kob ladan-li.
Anpil
moun tande Trujillo te bay militè ayisyien kob pou yo te pran bot prezidan
Vensan. Yon kou deta rorot pat sis ak kolonel
Kalix. Vincent revoke Kalix kon komandan Gad Dayiti-an. Kalix kouri travèse
fwontyiè-an. Trujillo kenbe grad militè Kalix-la kon kolonel lame dominikènn, e
li bali yon job ak lide li ta ka sèvi avèk-li pou pi douvan nan politik peyi
d-Ayiti. Trujillo pat janm fè anyen pou bèl figu zot.
Lè
prezidan Vensan wè Kalix te fayi pran bot-li, li revoke tout militè li te
sispèk-yo. La ptit istwa. Dezièm parantez pèsonel: Si gen yon prezidan Franswa
Divalie te suiv politikman kon makak, se Stenio Vincent. Nan papa Vincent li te
wè tèt-li an fomasyion, « papa dok . »
Nan
epok Vensan potko gen makout men yo te koumanse an fomasyion nan peyi Lalmay ak
diktatè Hitlè. Lè Divalie pran pouvwa-an lanne 1957 milisien-l yo ki te rele
kagoula, apre sa makout, parèt sou moun menm jan ak makout blan alman-yo nan
tan Hitlè ki tap maspinen alman jwif-yo ak tout lot minorite.
Divalye te menm fè vini nan peyi-an kèk mèsenè blan alman ki moutre makout-yo ki
jan pou met pataswèl nan bonda opozan-yo ; ki jan pou asasinen-yo
An
nou kontinyue. Lanne 1941 Vensan te pare tèt kale pou li te ret chita sou chez
boure-an malgre tan-li te kaba.
Tonton Sam
di Stenio Vincent bat dèyè-li, tande, remèt pouvwa-an.
Tonton Sam
toujou boule ak peyi Dayiti kon yon teritwa kolonial.
Pandan okipasion-an
li te konn bay pèp-la travay ki te rele « kove », ki te fè pèp-la sonje
lesklavaj, anvan Ayiti te pran libète-li lanne 1804.
Vensan te
blije fè bèkatè douvan prezidan meriken Roosvelt, ki rekomande citwayen Elie
Lescot, nèg Sen Lwi du Nò, pou chez boure-an. Tranzisyion-an fèt an dous.
TWAZIÈM KOUT RIDO.-
Prezidan Lesko sete yon milat ki te deja sèvi nan pliziè pos leta pami yo kon
diplomat vil Washington ak peyi Sen Domeng. Li te gen konesans, li te konn
abiye, li te konn pale, gwo rakontè, gwo blagè, li te konn roule moun de bo. La
ptit istwa. Twazièm parantez pèsonel.
Madanm prezidan Lesko, Georgina Saint-Aude, yon bon moun, se te yon kouzin lwen
papa mwen e sete yon plezi ak yon privilèj pou mwen (kon ti-moun) te chita
Manwa dè Loryie sou rout Boudon-an, kote Anbasad de Frans la ye, bo Petionvil,
pou mwen te koute Lesko ape voye moute. Nan pwen nèg te blagè konsa.
Lè
sa-a, ak 9 lanne sou tèt mwen, zanmi-m se te ti-Eli Lesko, pitit prezidan, ak
Jak Aman, pitit chèf Gad Dayiti-an ki te rele Kolonel Duse Aman. Yon militè milat mabyal tout moun te gen la twanblay
douvan-li men ki te gen kont gangans-li. An nou kontinyue.
Men,
jan nou konnen, Lesko fè menm jan ak prezidan Vensan .
Li deklare tèt-li komandan an chef militè-yo. Tout pouvwa-an te nan men yon ti
klik milat ak sipo la Gad Dayiti . Chalbarik fèt dèyè
oposision-an.
Jounal ak radio pat gen dwa bay opinion-yo. Li fòse la chanb ak sena bali tout
pouvwa. Bidjè peyi-an te nan men-li ak yon band lejislatè ti koulout. Li nonmen
senatè ak depite san yo pat jam ale nan eleksion.
Lesko
te bay kon eskiz peyi Dayiti te deklare la guè kont peyi l-itali, le Japon,
Lalmay ak gouvènman ayisyien ki sezi tout byen blan alman nan peyi-an
.
Lesko
taye banda-li jan li te vle ak yon lwa masyial ki tap pand sou tèt tout moun.
Adyie ! Peyi Dayiti pat gen oken wòl nan la gè, apa kèk materiel bwa kajou li
te bay tonton Sam. Gad kòt meriken te gen yon detashman nan tout kòt peyi-an.
Lesko tonbe anba infliyens Trujillo ki pran-l nan chimen jennen ak kèk tcho tcho
epi lot benefis. Lesko pat yon gran manjè, pat yon gwo volè, men se nèg ki te
renmen lè zonè ak la vi dous boujwa-yo.
Gen
moun ki sispèk se kob malouk Trujilo-an ki te sèvi pou ashte depite ak senatè
ayisyien ki vote Lesko opouvwa. Tonton Sam te dan jwèt la tou e li te dako pou
Lesko prezidan. Lesko ak Trujillo te dan tete lang youn ak lot jouk lanne 1943 lè deblozay pete antre yo de, ak
Lesko ki te domy blyie benefaktè-li sete Trujillo.
Trujillo an bon paren mafioso, magouyè, tap pare kow-li pou piblyie let sousou
Lesko te betize ekri bali, lè li te anbasadè peyi d-Ayiti Ciudad Trujillo.
( La ptit istwa. Katrièm parantez pèsonel: Papa mwen
Chal Fonbren, te minis relasion exteriè anba Lesko lanne 1941.
KATRIYÈM KOUT RIDO
Fwè
mwen Masèl Fonbren te pwemyie sekretè legasyion peyi Dayiti Ciudad Trujillo. Nou
ale visite Masèl nan mashin ofysièl.
Nou
kite Potoprens yon granm maten lanne 1941. Lè nou rive Ciudad Trujillo ki jodi-a
rele Santo Domingo, kèk jou apre prezidan Trujillo fè shashe papa mwen pou li te
vin wè-li nan palè li te renmen rele Casa Rosada.
Li
ofri Chal Fonbren ak tout fanmi-li nasionalite dominiken epi anplis yon gwo job
nan gouvènman dominiken-an. Papa mwen pantan, li gade Trujillo ak gwo je ble
li-yo, e li di Trujillo, an bon diplomat, li te regrèt sa men se ayisyien li te
ye e se ayisyien li tap mouri.
Nou
tounen Potoprens, men, non Masèl Fonbren, Pwemyie Sekretè Legasyon peyi d-Ayiti
Ciudad Trujillo,ak Chal Fonbren, Minis Relasyon
Exteryè peyi d-Ayiti, te sou lis nwa diktatè malpo wont-la « Trouyo. » Papa
mwen sete yon katron Gonaiv ki te bon blagè tou, ak yon moustash fino, e li te
konn fè blag avè mwen kon ti-moun, ape mande mwen ki lè mwen ta pwal aprand
panyol. Sèl lang li te renmen se kreyol ak franse.
Bon,
kèk semen apre la polis ayisyien arête 2 citwayen dominiken potoprens ki te san
passpòw, san papyie nan peyi-an. Chal Fonbren, minis relasion exteriè mande
prezidan Lesko sa li te vle fè ak imigran ilegal sa-yo. Prezidan Lesko repond :”
Chal, kofre-yo ”.
Lè
prezidan Trujillo tande sa li fin enraje e li te konnen nan relasyion exteryè
peyi d-Ayiti ,Chal Fonbren kon minis se li ki tap
mennen. Trujillo bay Lesko iltimatom pou lage mesyie-yo tou swit. Lesko sòti pè
Trujillo, li di sete fot Minis Relasion Exteriè Chal Fonbren.
Trujillo mande Lesko pou revoke Fonbren ak pitit gason-li Masèl nan Legasyion
peyi Dayiti, Ciudad Trujillo. Nan politik lè lese frape mete pye, pa gen fanmi,
pa gen zanmi, chevalye a laso sa ki mouri zafè a yo. Revokasion yo fèt brid sou
kou, ofysièlman kon demisyion.
Diktatè Trujillo se nèg ki te vendikatif e li pat pèmèt moun te di li non. Li
pat domy blyie ayisyien militè-yo nan listwa, te mal mennen pèp Sen Domeng-la lè
yo te okipe, pandan plis de yon 20 lanne, pati lès panyol-la ki potko la
repiblik dominikènn.
Trujillo sete yon rasis tèt chaje. Li pat vle wè moun nwè e li te rayi san
ayisyien-an ki tap koule nan venn-li. Sete yon milat ki pat renmen Ayiti ki se
pitit Lafrik nan Lamerik. Li pat renmen yon katron, moun vil Gonayiv kon Chal
Fonbren, ki te renmen di se ayisyien li te ye e ki te renmen pale
kreyol, .
CINKYIÈM KOUT RIDO.-
Janvyie lanne
1946 deblozay koumanse lè Lesko mete nan prizon jenn
editè jounal La Ruch-yo. Detan twa mouvman elèv lekol fè grèv
ak travayè, pwofesè, epi komèsan ki deklare sa te
twop atò. La Gad Dayiti ki te gen majorite jandam nwè
te deja kont roklo-yo ak Lesko ki tap ashte figu militè milat-yo nan
gouvènman-li.
Gwo pèp-la pat
kontan ak Lesko ki te kraze tout houmfow relijion
vodou-yo ak sipo leglis katolik. Radio anonse yon jent militè
te pran pouvwa-an. Nouvo chèf lame Lesko nonmen sete
you militè nwè Majò Paul Ejen Maglwa. Maglwa ale shahe Lesko
Manwa dè Lorye e li anbake-li pou letranje li apre Lesko fè pèp la pantan e li
deklare: La nation est prévenue, le monde entier est averti.”
Maglwa ak 2
militè milat Frank Lavaud ak Antwann Levelt vin manb
jent-la, e yo ranplase Lesko. ( La ptit istwa.
Katrièm parantez pèsonel. Lè jenn gason La Rish yo te
anvayi ti-lakou seminè pou elèv te fèmen pot klass yo pou vire loloj Lesko,
pwofesè Jak Dezinò, kondisip klass mwen, Gera Domèk avè mwen, pran kont kout
rosh nou, nan men ti mesyie La Ruch-yo.
Si memwa-m bon
toujou, yon jenn milat revolusyionè nan mouvman LaRish la, yon gran ekriven
entènasyonal jodi-a, ki te pwofèsè-m pou yon ti bout tan kon yon jenn gason
lekol Louis D.Hall, vil potoprens, se potorik gason
ayisyien sa-a ki rele René Dépestre, nèg Jakmel.
Yon lot jenn revolusyionè, yon
blan ki rele Gera Blonkou la toujou. Li abite vil Pari
et mwen menm ak Blonkou nou korespond sou entènèt la,
plizyiè fwa. Nou tout koumanse ap antre nan laj men sa
pe vle di pousa nou pa kanpe sou 2 pyie militè-nou toujou pou nou voye rosh.
Rosh kronikè se pli rèd.
Yon
kout rosh nan figu fayi voye pwofesè Jak Dezinò nan peyi san chapo nan lekol
seminè-an jou sa-a . Jak sete yon bon pwofesè e nou
rete bon zanmi, lontan apre sa.
Depi lè Lesko
te revoke papa mwen kon minis relasion exteriè, sou
lod diktatè Trujillo, papa mwen te gen kay-li potoprens kon
prizon. Pou Lesko Chal Fonbren te nan konplo.
Lè Lesko tounen
Ayiti sou Maglwa pou li rete nèt, pwemyie moun li vizite lakay Laboul sete Chal
Fonbren, presidan sena. Jou sa-a vant mwen fèm mal
telman Lesko kouvri–nou ak blag, san rete.Lesko pat yon move moun. Men
vokasion-li pat dwe prezidan. Se aktè li te dwe
chwazi. Li pat volè vreman, li mouri pov e li kite kèss leta peyi d-Ayiti plen
ak lajan.
Lè Lesko pran
lexil peyi Kanada se nan faktori chapo li al twavay.
Se Bebe Dok lè-l te prezidan a-vi ki fè Lesko kado
yon mashin pou li te ka cikule vil potoprens. Bebe dok pat yon sanguinè kon
papa-li.
Jou deblozay sa-a
nan seminè, mwa janvyie lanne 1946, mwen te gen 13 lanne sou tèt mwen ak
kondisip klass mwen Gera Domek ki te gen plizou mwen menm laj.
Gera Domek lè
Divalie moute o pouvwa, vin yon ti–pwèt zuzu franse.
Li menm ak prezidan Divalie sete kòw ak chemiz.
Mesyie-yo te vin tèlman pre youn a lot gen bwi ki te kouri
sete 2 gason makomè .An
nou kontynue.
Mesyie, tam fini.
Kwen Kal la nou ka wè-l sou intènet la
www.moun.com ou
www.fombrun.com Se la map rete pou jodi-an. Bon week-end tout moun, na pale
lot dimansh, si granmèt la vle. A vous Radio Haiti Focus
International.