Bonswa la
sosyete.
Mèsi Ari Jozèf. Mèsi tout zanmi ak lenmi-m yo ki, wè
pa wè, se pou yo pran ti-chez bass yo pou yo koute “Kwen Kal Rayo Fokis-la.”
Mwen salyue tout moun a la rond badè. Mwren renmen tout limanite, se ladan-l m-soti
menm jan a nou tout apre kèk voye moute plezi zansèt
nou, ki fè nou parèt pou yon bout tan nan lakou planèt latè-an.An nou chanje
pawol-la: “Depi nan guinen nèg renmen nèg.” Map koumanse!
Revolysion 46
la sete yon nouvo devlopman nan listwa peyi Dayiti.
Se pwemyie fwa yon junt 3 militè te pran pouvwa-an
kon yon institusyion o lie de yon sèl moun. Jint-la te
blije fè eleksyon plizou-mwen dyanb ak yon asanble nasyional ki antre an
fonksion mwa me lanne 1946. Asanble-a chwazi 16 a-out lanne 1946 pou li
te nonmen yon prezidan.
Mezanmi, tout
kandida-yo te nwè, milat pat ladan-li apre Lesko,
menm jan ak makout ki pat dwe ladan-li nan eleksyon, apre revolysion 7 fevriye
lanne 1986-la. 7 Janvyie lanne 1946 se te
revandikasyon moun nwè kont klass milat Lesko-an, 7 Fevriye lanne 1986 sete
revandikasyon pèp ayisyen-an kont diktatu a vi kraze-zo Divalye-an. Makout pat
ladan-li.
Lanne 1946
kandida ki tap mennen sete depite Vèrèt Dimase Estime, ansyen minis ledikasyon
nasyonal anba prezidan Vensan; Felix D’Orleans Juste Constant, lidè pati kominis
aysisyien-an; Demosthène Pétrus Calixte, nèg ki te ale mande diktatè dominiken-an
Trujillo-an proteksyon, lè prezidan Vensan te fand nan fifty-one li. Se Daniel
Fignolé, lidè pati MOP-la, Mouvman Ouvriye ak Peyizan, lèt nan nen, 26 grenn
rekolt kafe sou tèt-li, ki te chwazi kolonel ayisyen-dominiken Demostèn Petrus
Kalix kon kandida-li.
Estime, yon nèg
save, pitit yon abitan an deyo nan kanton Vèrèt, te
reprezante aspirasyon klass boujwa nwè-a, e li te gen sipow klas moyenn nwè-a ak
popilasyion nan Nò yo. Biyon Pyiè-Lwi sete kandida yon milionè blan
Jamaiken-Ayisyien ki te rele Osval Jon Brant. Biyon
se te kandida Chal Fonbren tou, papa mwen, yon katron
je ble save nan politik depi anba prezidan Sid Datignav.
Te gen Edgar Nere Numa, nèg Okay, kandida senatè
Louis Dejoie yon milat. Dejwa te
pitit-pitit-pitit prezidan Fab Nikola Jefra. Dejwa depi lanne 1946 te vle mete
tèt-li kandida a la prezidans, jis lè Chal Fonbren te blije di-li:” Mouri
poul-ou tande, “Babs.” Sete ti-non Dejwa.” La ptit
istwa. Parantez pèsonel. Anvan pou senatè-yo ak
depite te vote pou yon prezidan lanne 1946, milyonè Brandt te bay Chal Fonbren,
lakay-li, douvan mwen, yon sashe plen kob likid ladan-li pou li te separe ak
senatè epi depite yo, lajan pou te ashte figu-yo e pou yo te vote pou Biyon Pyiè
Lwi, nan eleksyion dezyèm degre-an.
Apre eleksyon-an,
Biyon pa pase e se Estime yo bay chez boure-an. Papa mwen fè-m yon leson, nèg
onèt ak la sajèss, jou sa-a. mwen
pa janm blyie. Nou rive kay Brandt tout zanmi te rele
OJ. OJ gade papa mwen e li di-li: “Chal, vakabon palemantè-yo pran kob-la e olye
pout e vote Pyè Lwi yo vote pou Estime, se pa sa?
Senatè Fonbren ak gwo je ble-li, gade Brant, li louvri valiz-li e li di Brant:“
Men kob-ou mon shè mwen pa jam bay cink ladan-li.”
Brant mande-li
poukisa ? Chal Fonbren repond paske plis lajan ou mèt
deyo, plis pral gen koripsyon, e si mwen pat aksepte pran kob-la, ou ta bay yon
lot senatè-li. Anplis jan ou di-an, yo ta pran kob-la
e yo ta vote pou moun ki nan lide-yo. OJ, pantan. Li
gade senatè Fonbren e li di li, nan ka sa-a, Chal,
pran kob la, fè kichoy pou peyi-an avè-li.
Papa mwen gade
Brant ak gwo je ble li-yo e li di-li: “ Gade, OJ, fè
respè-ou tande. Li remèt li tout lajan-an. Se pwemyie fwa
nan vi mwen jou sa-a, douvan gwo transaksyion sa-yo, (mwen te gen yon 13
lanne sou tèt mwen) mwen bwè yon grog ak tonton Brandt epi tonton mwen.
Konye-a se diven rouj mwen bwè, pou fè kè-m bat
wololoy.
PWEMYE KOUT RIDO.-
Apre dezièm skruten, Asanble Lejislativ-la bay Estime prezidans-la ak majorite
vwa-yo. Eleksyon Estime-a te reprezante yon chanjman nan tradysion politik peyi
Dayiti, byen ke tout moun konnen Estime te resevwa
sipo kèk gwo chabrak militè, e se yon prezidan civil li teye.
“Titim”
jan yo te konn rele-li, pitit peyizan, li te bay
enpresion li pat renmen lelit-la ak la plipa moun nan milatri-a.
( La ptit istwa. Parantez pèsonel.
Sa pat deranje Estime, anvan li te vin prezidan, bèl mashin li-an te rele “ le
tombeau des mulatrèsses” sa ki te vle di cèkey medam po rouj-yo. La ptit istwa
deklare ak moun ki te prosh Titim, se Estime li men-m
ki te rele mashin-li konsa; pa gen la fimen san dife. Titim pat yon sen.
Mwen
te konn sa byien kon ti-gason tripot; se nan kwen
lakay mwen avni O nan Potoprens, an fas lotel Splendid, Titim te rete. Anplis
Titim marie ak yon milatrès lelit anvan li vin
prezidan. Gad de kow-li nan palè nasyonal sete
lietnan Maurice Carrié, bo fwè-li, ki te marie ak sè Madan Estimé. Moris sete
yon katron je vèt ki te dan lelit-la, pitit Evremont Carrié, vwazen mwen aveni N
nan potoprens.Li te fè kèk jou lakay mwen Nouyok nan lanne 60 yo an transit pou
potoprens ). An nou kontynue.
Estime vreman
nan koumansman prezidans-li, li te demoutre yon
atansyon pou pèp-la. Ak nouvo konstitusyon-an, novanm
lanne 1946, Estime te pwopose yon lwa pou bay moun sekurite sosial menm jan ak
tonton Sam, men lwa-a pa janm pase.
Estimé etabli
systèm lekol an deyo; li enkouraje etablisman
kooperativ nan bwa la kanpay; li augmante salè anplwaye leta; epi li bay klass
mwayenn nwè-a ak klass pli ba-yo, reprezantasion nan anpil job nan sektè piblik-la.
Ak Lesko sete
milat ki te gen preferans sa-yo.
Yon lot bon bagay Estime fè, li peye dèt nasyonal peyi d-Ayiti-an anba
administrsyon-li, ak sipow pèp ayisyien ki
kontribuyue de gouden ak lot kraze-kob li te jwenn nan dyakout-li.
Mwa mas lanne 1946 Estime chanje non Gad Dayiti-an
e li rele-li Lame Dayiti. Estimé bay militè milat-la
Franck Lavaud, pli gwo grad-la: Brigadie Jeneral. Sete yon fason tou pou Estime,
pou li ashte figu tonton Sam rasis lame sudis-yo, ki te
fome Gad Dayiti-an ak ofisyièl milat-yo, pou yo te bali plis èd militè. Prezidan
Estime ban-nou expozision bisantnè-an ki te gen anpil
moun ak dwèt long ladan-li, men se pou moun rekonèt prezidan Estime sete yon
pwogresis.
DEZYIEM KOUT RIDO.-
De ki previen lame pran bot Estime ? Gen de rezon: Entrig lelit-la,
ak anbysion pèsonel Titim. Lelit milat la pat kontan
ak prezidan Estime paske li te esklu yo nan anpil job inpotan gouvènman-an kote
yo te ka fè kob, men sa ki te fè yo plis move, Estime pase yon lwa pou mete gwo
tax sou do yo, ankouraje syndika travayè mande plis kob, rekonèt relijion vodou-an
kon de gouden ak 50 kob, ak relijion katolik-la. Sa
te twop atò.
Tradysion lelit
ayisyienn-lan se peyi Lerop ak legliz katolik li te
chita. Lelit-la vin roklò tout bon.
Li fè zanmitay ak gwo chabrak lame Dayiti-an, militè
nwè ak milat. Ak kondysion ekonomik peyi-an ki vin
gate, lelit la jwenn yon zanmi, yon komandan nwè kazèn Dessalin, kolonel Paul
Eugène Maglwa. Mwa mai lanne 1950 Paul Maglwa pran bot Titim e li tounen
ak menm junt militè 1946-la ki te pran bot prezidan
Lesko, ak de menm militè milat-yo, Frank Lavaud ak Antwann Levelt.
(La ptit istwa.
Parantez pèsonel. Anpil patizan Estime
te prevni li Maglwa tap konplote kont-li. Yon jou, gen yon minis Estime ki plen zorey prezidan-an ak menm vyie
zen-an nan biro palè-an. Prezidan Estime fwa sa-a deklare Abraham set ase. Li fè
rele Maglwa nan biro la prezidans-la e li konfronte
kanson fè an fomasyon ak minis jouda-an. Ki jan pawol la ye anko?
2 je kontre, manti kaba.
Kolonel Maglwa
te gen rad militè-li sou li, bot sire-li nan pye-li,
ak yon kravash-kwi kon yon fwet, nan men li. Li kravashe minis-la, ki mete a
jenou pou mande padon douvan prezidan-an. Maglwa sove poul-li jou sa-a, ak
kanson fè-li, men sete la verite: li tap roule Dimase de bo.
Jouva, jouvien. Anba Franswa Divalie, minis sa-a
Maglwa te fout kèk pataswèl vin minis anko.) An nou
kontynue.
Sa ki fè Estime
tonbe tou, li nasyionalize konpayi meriken fig banan-la ki fè mwens kob antre
nan peyi-an; li fose anplwaye leta bay 10 a 15 pou
san salè-yo pou defans nasional epi peye dèt peyi-an; kon anpil lot prezidan
anvan-li epi apre-li, li seye chanje konstitusion peyi d-Ayiti pou li te kab
rete sou pouvwa-an.
Apre yon
majorite 11 senatè sou 21 vote kont pwopozisyon sa-a,
pèp woklò ki kounye-an yo rele shimè, sakaje sena-an an ti moso. Dènyie
zak sa-a bay lame Dayiti eskiz ak devwa-li pou yo te
fose Titim bay la ri a blansh kom prezidan, 10 me lanne 1950.
Sa fè 52 lanne. Militè sou lod kolonel Maglwa ale
nan palè, pran Estime, yo mete-li nan yon avion pou
peyi la Jamayik.
(La ptit istwa.
Parantez pèsonel. Mezanmi, te gen
yon milat lè sa-a ki pat vle wè Estime. Li te
ale tire nan mashe kwa bosal potoprens pou fè pèp la gaye epi bay Estime la
tranblay. La polis lè sa-a te bimen-l ak koko makak.
Apre Estime
tonbe, Maglwa fè nonmen misye konsil jeneral peyi la Jamayik, kote Estime
techita kon ansyen prezidan ap
kale wèss. Job konsil-la se pou li te fand nan
fifty-one Estime la jounen kou lanuit nan vil Kingston. Kolonel Maglwa
te vle Estime bay la ri–a blansh peyi Lajamayik ki
bab pou bab ak peyi d-Ayiti.
Se
sa ki fèt vreman apre yon ti tan ak Estime ki bay la
ri-a blansh pou li ale rete vil Nouyok. Milat tèt chaje sa-a chanje koulè drapo
lè Divalie moute opouvwa, e li vin youn de pli gwo makout
kraze zo, anba Franswa Divalie .
Non-li sete Lucien Chauvet.
Anba Lesko,
Estime, Maglwa, Lucien sete zanmi fanmi mwen, zanmi-m tou. Li
marie de fwa e papa mwen se te paren nos-li, nan de
nos sa-yo. Lè yo fè lantèman-li potoprens anba Divalye, fwè mwen Masèl ki te nan
peyi Lafrik an exil nan yon job Nasyon Zini, rekonèt rad smoking li te prete
Lucien li pat jam remèt . Nan politik zanmitay pa a
la mod. Gen yon sèl moun Lucien te pè kon de boush fizi: sete manman mwen ki pat
nan grenn avè-li. )An nou
kontynue.
Franswa Divalie
ki te minis travay prezidan Estime, jire 7 fwa douvan
letènel, lè Maglwa pran bot Titim jou sa-a, 10 me lanne 1950, sa pa ta
janm rive-li, si yon jou li ta vin prezidan. Li pa tap jam
fè militè tradysionel-yo konfians.
Prezidan Estime
pat populè lè li te pran pouvwa-an, 16 a-out lanne
1946. Lè li kite 10 mai lanne 1950, pèp la te avèk-li
tèt kale. Kolonel Maglwa pa pèdu tan. Li bay demision-li nan
junt militè-an e li poze kandidatu pa li pou prezidan.
Se pwemyie fwa
nan listwa Dayiti pèp la te gen dwa ale vote pou yon
prezidan. Tout citwayen gason ki te gen 21 lanne ou plis te
gen dwa sa-a dapre nouvo lwa-an. Lame Dayiti, lelit-la, ak kèk patizan
Estime mete tèt ansanm e yo voye moute Paul Eugène Maglwa prezidan Dayiti 6
desanm lanne 1950.
TWAZYÈM KOUT RIDO.-
Lanne 1950 rive lanne 1954 Maglwa te taye banda-li jan li vle ak pouvwa, kob,
bèl fam e la tryie. Gouvènman ak komès te benefisyie
bon kondysion ekonomik. Touris te anvayi peyi-an ak
infrastructu ki tap pwogrese.
Ayisyien
ak etranje tap investi lajan nan peyi-a. Prezidans
Maglwa-an sete yon gouvènman militè korias ak civil
ladan-li, men se pat yon gouvènman kriminel menm jan ak sa ayisyien te konnen
deja-yo depi Desalin.
Maglwa se nèg
ki te gen bèl manyiè, ak yon bèl souri. Maglwa pat
yon kriminel.Se vre Maglwa mete mesyie oposision-yo nan
prizon, kon Daniel Fignole. Li fèmen jounal-yo lè yo te
fè twop voye moute, li te pèmèt syndika fonksione men yo pat gen dwa fè grèv.
Men rayi chen di dan-l blansh sete pli bèl epok peyi
Dayiti pou lajan ki tap cikule, touris, selebrite, respè lot peyi-yo pou peyi
Desalin-lan, ak la triye.
Peyi Dayiti
fete 150-ièm indepandans li, wololoy, ak yon pil gwo
zouzoun intènasyonal. Maglwa fè de bèl voyaj nan
anpil peyi. Prezidan meriken jeneral Eisenhower resevwa-li
la meson blansh. Maglwa fè bèl diskou douvan kongrè tonton Sam-lan ki
chita tande.
Nan
peyi Dayiti yo te koumanse rele Maglwa “apòt inion
nasyonal”. Adye.Sa pa tap
dire. Ak nèg d’Ayiti, depi lanne 1804, pouvwa toujou moute
nan tèt-yo e yo pa janm chanje.
Kon tout lot
prezidan, Maglwa aksepte zot mete-li nan koripsyion.
Kon prezidan li te kontwole pit, siman, ak monopol
savon. Li menm ak kèk ofysiel kon chèf la polis Makès
Prospè, bati de gwo kay nan peyi-an. Maglwa te bati yon kay bò Tujo ak twa lot
pli piti pèp la te rele twa bebe yo, sa ki te vle di pou twa pitit-fi li yo.
Makès Prospè
li-menm se sou rout Petionvil-la li te bati palè pa-li.
Makès sete yon lot militè bozò kon Maglwa, ak yon bèl buik nwè, 2 èd de kan douvan ak Makès kage a laryè. Mande bondye padon lot chofè ta
double buik Makès –la, nimero 16, la polis ta kofre-w. Makès Prospè te pale sou
lang , e li pat nan grenn ak pèson, men se pat yon
kriminèl non plis.
Lè syklon Hazel debake Ayiti lanne 1954, sete yon
malediksyon. Koripsion ak
dezod fè chanpiyon ak zepina nan tout nivo gouvènman Maglwa-an. Anplis
ak gaspiyaj èd intènasyional te voye, volè mete pyie.
Gouvènman Maglwa-a ki te an penpan lanne 1950 rive
pou lanne 1954 tonbe nan deblozay.
Lanne 1954 rive
pou lanne 1956, ak yon ekonomi an delala, se lè sa-a
tout peyi-an koumanse gen degoutans ak gouvènman jeneral sink etwal-la. Maglwa
gate bagay-la net ale lè li seye chanje lespri konstitusion-an, pou li
te ka rete sou pouvwa-an.
Lidè sendika,
politisien, travayè anvayi la ri-an pou yo te di Maglwa bat deyè-li. Jeneral de
division-an te move, li rale kanson-li douvan pale nasyonal-la nan yon parad pou
li te moutre pèp la, bonda-li sete bout fè . Li
dekrete lwa masial. Tout sa sete bonda nini. Lame
anbake Maglwa pou peyi la Jamayik menm jan ak Estime.
Yon jou pou chasè, yon jou pou jibyie.
( Pou la ptit istwa.
Parantez pèsonel. Papa mwen te
vizite Maglwa nan palè-an preske tou le jou kon prezidan sena. Yon jou li mennen-m
avè-li e nou chita ak prezidan nan biro palè-an. Jou
sa-a prezidan-an ki te te toujou gen yon bèl souri sou figu li, min-li te byien
mare.
Papa mwen pa
rete lontan e lè nou ale mwen mande-li de ki previen ak
chèf deta-an? Li repond mwen lè Cyrius yo konsa ak move kolè, (se menm
non li te genyen pou tout prezidan-yo, Cyrius), yo
konprann yo se bon dyie e se lè sa-a yo pran pli move desizyon. Se pousa nou pat
rete. Prekosion pat kapon. Men se pou mwen di sa pou
Pol Maglwa, li te gen bèl manyè e se pat yon asasen. Mwen tande Jan Klod Divalie
se te menm jan-an tou ).
KATRYIÈM KOUT RIDO.-
Period Maglwa tonbe 13 desanm lanne 1956 rive pou septanm 1957 Ayiti te tèt
anba. 3 prezidan provizwa moute sou chez boure-an. Youn, jig Nemou Pyiè-Lwi demisione. De lot
yo Frank Sylven ak Daniel Fignole, lame Dayiti pran
bot-yo.
Divalie, anba
shal, pandan tout tan sa-a tap ashte figu anpil bot
sire Lame Dayiti pou yo te ka mete-li opouvwa. Militè-yo mennen kanpay elektoral-la
pou Franswa Divalie te rive prezidan.
Anpil moun
te kwè Divalie, yon doktè, ki te sèvi pou eradikasion pyan
nan tout bwa peyi Dayiti anvan li te vin minis du travay sou prezidan
Estime, te yon nèg ki ta mashe dwèt kom prezidan. Yon lidè ki
pat dan fè wè tèt-li e ki te parèt san aukin ideal,
motivasion, ou byien yon pwogram politik.
Lè eleksion
koumanse, Divalie prezante tèt-li kon eritie direk prezidan Estime. Aprosh
politik sa-a te bon pou li paske opozan-li, senatè
Lwi Dejwa sete yon boujwa ki te reprezante elit milat-la.
Divalie
ak benediksion Lame Dayiti pran pouvwa-an ak
patizan-li yo nan sena, epi de tyiè sièj la chamb depite-an. (La ptit istwa.
Parantez pèsonel. Fen rèy Maglwa, Divalie
mande pou li te wè papa mwen, ki te prezidan sena
pandan sis lanne Maglwa te fè sou chez boure-an.
Divalie moute lakay mwen Laboul.
Chal Fonbren resevwa-li an rob de chanb. Divalie
retire chapo-li, bese tèt-li e li di papa mwen: “ Sénateur,
je suis venu mettre ma candidature sous votre bénédiction.” Mwen tande se nan
dènyie konstitusion-an lang kreyol la vin ofysiel,
kon franse.Sa se sou papyie.
Depi anvan
lokipasyion mesyie politisien ayisyien--yo te tout tan ap regle zafè peyi
Dayiti nan lang kreyol-la. Apre
sa, “Le Monitè” jounal ofysièl, te ekri lwa-yo an franse. Papa mwen gade
Divalie ak gwo je ble-li yo e li repond Franswa: “ Mon
shè, mwen pa pè, mwen paka ba-ou benediksyion.”
Lè Divalie ale, papa mwen di mwen “ou wè Divalie,
se pwoshen prezidan Dayiti, se yon politisien ki fen.
Mwen mande papa mwen e senatè Dejwa , ki te gen plis
moun avè-li nan potoprens? Papa mwen gade mwen e li di: “
Ou wè Dejwa li pap jam prezidan Dayiti . Li pa konn
fè politik.”
Papa-m
kontinyue: “ Lanne 1946, apre Lesko tonbe, foli pran
Dejwa pou li prezidan. Li te vle poze kandidatu-li
bab pou bab ak Estime ak tout deblozay, nwè ak milat, revolysion 46 la te pote.
Se mwen ki te konseye-li parèt ak kandida Edgar Nere
Numa, yon kandida nwè.
Dejwa gen
konesans-li kon agwonom men li pa konprann anyen nan
politik. Dejwa se nèg ki renmen fè interesan pou la galri.
Li ka gen kèk militè nwè ak milat avè-li, men
majorite lame-an se ak Divalie li-ye. Politik-la se yon
sians. “Babs”, ti non yo te konn rele Dejwa ,
pa nan batay,” papa mwen di mwen.
Divalie lanne
1957 rive pou 1971.- Divalie, kon tout lot prezidan
ayisyien te vle chanje konstitusion-an pou li te solidifie pouvwa-li. Lanne 1961
papa doc deside viole konstitusion 1957 la. Li aboli sena ak la chanb
depite .Li fè eleksyion pou yon
grenn asanble lejislativ.
Kon bon elèv
papa Vensan , lanne 1961 Divalie fè eleksion pou
prezidan, e li pase ak yon million 320 mil 748 vwa, kont po kann pou opozision-an.
Se pat makak wè, makak fè anko. “L’élève avait dépassé le
maître.” Sa pat ase pou Doc. Twa lanne apre,
lanne 1964, li deklare tèt-li prezidan a vi peyi Dayiti.
Pou Divalie pat
gen mal nansa paske nan listwa Dayiti, 7 chèf deta
anvan-li, te fè men-m bagay–la. Lanne 1958 twa ansyen militè milat ti-junt
Maglwa-an Paskèt, Dominik, ak Pèpiyan atake palè ak
kèk patriposh blan meriken Miami. Ti-moso anko yo
te pran bot Divalie ki te pare pou kouri nan yon
anbasad potoprens (sa se yon verite divalyeris-yo pa renmen tande.)
Chans pa
Divalie anvayisè-yo te kwè yo te fin rive, yo kale
wès e yo tout mouri. Divalie, lè sa-a, menm jan ak
George W. Bush apre atak 11 septanmn 2001-an, sete sèl kok ki te chante. Li
refome lame-an. Li mete militè granmoun yo a la
retrèt e li touye lot–yo.
Prezidan ti-joj
paka fè sa Divalye te fè-an, men li fè tout demokrat
politisien-yo pantan, men lwa peyi isit gen tout fos yo toujou. Divalie disparèt
de militè pwofesionèl milat kon kolonel Roge Vildwen, kolonel Edwa Wa,
ak pliziè lot.
Divalie parèt
nan palè nasyional ak yon gad prezidansiel ki te elit lame-an. Lwayote lame sa-a
sete sèlman pou papa doc. Sa pat kont pou doc-la. Li
louvri yon lame volontè sekirite nasyonal le mond antie vin
konnen kon tonton makout.
Lanne 1961, de
grenn lanne Divalie te opuvwa, makout te gen de fwa plis pouvwa pase lame
tradisionel lontan-an. Gad prezidansiel-la Potoprens, avèk makout nan pwovens-yo
vin mèt peyi-an. Divalie rafèmi pozisyon-li ak abitan nan bwa-yo. Li rekrute,
mobilize bokò-yo, relijion vodou, ak la tryie.
Makout-yo pat yon vre milis kon peyi Kiba, men yo taye banda-yo
ak militè Divalieris-yo pou fè tout moun pantan.
( La ptit istwa.
Parantèz pèsonel. Mwa jwen lanne 1959 mwen rive
Cazino Intènasional yon dimansh swa Potoprens, ak yon
jenn dam, yon touris merikenn leta Ohio. Li te desand
hotel Ibo Lele e li te peye kob-li a lavans pou yon sware nan cazino.
Mwen
te asistan manajè ajans vwayaj-la. Sè mwen se
te pwopwietè. Dimansh swa pat gen guid touris pou
te kondyui-li. Mwen te nan pyie travay mwen e mwen
rive nan cazino avè-li.
Pandan mwen al
danse avèk-li yon mereng lant, konpa potko vreman ala mod, okèss la chanje
kadans la ak yon mash militè , batri, tanbou, epi
chantè-an koumanse ranni Divalie! Divalie! Jenn dam-lan, yon etranjè, li pantan
e li di-mwen an al chita.
De tan, twa
mouvman, kapitèn Monod Filip, Lietnan Jan Tassy, ak
yon makout parèt sou mwen. Yo di mwen “ki-jan Fonbren ou pa
danse mizik Divalie-an? Mwen di yo madanm-lan pat moun peyi-an
moutre respè pou-li. Li pa konn dans sa-a. Radot. Yo
brote mwen Fow Dimansh .
Kokomakak fè
mikalaw ak Lietnan Jean Tassy ki fand tèt mwen ak
kout makak. Li rale 45-li e li tire sou mwen, men lwa-yo te
avèk mwen, swa sa-a. Li rate. Lè mwen potko rive pou
mwen te ale nan peyi san chapo.
Monod Filip di
misie yo pat gen lòd palè pou yo te touye mwen. La vi
sa-a dwol se pa pou nou gen rayisman nan kè nou, na
viv pli lontan. Jodi-a fwè Lietnan Tassy, Roney, ki viv Miyami se zanmi mwen e
li ede-m anpil ak istwa peyi d-Ayiti.
Misie se yon nèg de byien.Fwè-li
Jan, mouri kèk tan.
Pou mwen fè yon
istwa ki long, kout, mwen pase yon nwit fow dimanch, dimansh swa-sa-a kouvri ak
san ape domy atè sou siman, tèt mwen fand an 2 moso .Lendi yo brote-m tribinal. Jig la deklare mwen tap fè
konplo kont sekirite peyi-an e li bay lod retounen-m nan
prizon.
Lè mwen rive
penitansyie nasyonal Divalie rele pou fè lage mwen. Divalie potko fin kanpe tout
bon lanne 1959, se pousa li fè lage mwen ak
entèvansion papa mwen epi madanm-mwen ki te travay anbasad meriken.
Sete chans pa-mwen.Fwè-m Masèl
mennen-m lopital Kanape Vè.
2 jou apre yon
bonb sote nan kazino-an e yo di se fwè Fonbren yo ki
te mete-bonb la, sa ki pat la verite. Mwen kite lopital Kanape Vè-an jou fèt
mwen 15 jwen lanne l959 pou kouri antre nan anbasad
peyi Mexik ak de fwè mwen Masèl ak Alix. Nou fè yon mwa-la
ak yon jenn revolusionè ki te rele Luc B. Inosan ki te goumen pou met
Divalye opouvwa.
Luk B
te gen yon jounal ki te rele “Le Souverain” lè sa-a e
Dok-la koupe zèb anba pye-li. Nou kite peyi Dayiti 15 Juye lanne 1959, mwen
menm ak de frè-m pou peyi Kiba ak peyi Mexik. Gen
moun ki di se Divalie ki te fè mete bonb-la kon yon
eskiz pou arête nou.
CINKYÈM KOUT RIDO.-
Lè Divalie etabli fos sekirite li-yo, li sèvi ak koripsion, intimidasion, pou li
te fè pwop lelit pa-li, nwè ak milat. Koripsion nan
indistri pou bay gouvènman-an kob, extosion, volè, ki fè sipotè politik li-yo,
ki te pli pre-li, fin rish.
Sipotè
Divalyeris sa-yo fè lelit lontan tradysionèl-la
pantan. Swa elit tradysionèl-la te fè bèkabèss douvan
yo, swa yo te fè rout pou peyi san chapo. Gen kèk ladan-yo
nan elit-la ki te gen chans li bayo lese pase pou kite peyi-an.
Se Divalie
pèsonelman ki te bay imigrasion peyi Dayiti lis moun
ki te ka vwayaje. Divalie sete yon nèg rize, yon nèg madre, ki te suiv listwa
peyi Dayiti, ki te konprann-li. Se Potoprens li te grandi men esperians doktè,
li fè nan pwovens-yo, te abityue-li ak pwoblèm pèp-la, tandans pèp-la pou li gen
yon papa.
Depi lè
sa-a, malad-li yo, pasian li-yo, te rele-li papa doc.
Se yon tit li te renmen anpil. Li te rele tèt-li papa
doc avè-yo, e li te wè jan sa te fasil pou yo te fè-li konfians.
Li wè tou ki
jan relijion vodou-an te jwe yon gwo wòl dan la vi
pèp ayisyien-an. Divalie explwate tout bagay sila-yo, sitou relijion vodou-an.
Li aprann ki jan pou pratike vodou, jis pèp-la te konsidere-l kon yon manbo. Li-te
an kontak direk ak bokò-yo. Li
rekonèt-yo ofysielman.
Gwo pèp-la
vin pè-li kon baron Sanmdi, abiye tout-an nwè.
Sa pèmèt-li realize swaf san sa-a ak rejim
kriminel-li-an. Divalie sibi pliziè kriz politik depi koumansman gouvènman-li-a.
Kriz sa-yo bali plis fos. Men de
zou twa.
Clement Barbot
1961-1962 ki bay papa doc kont traka. Kouray 13 ti mesyie “Jenn Ayiti yo”, ki
debake nan peyi-an 6 Aout 1964.
11 jenn milat, de jenn nwè.Yo tout, onè-respè,
te gen grenn e yo mouri pou peyi-yo.
Milo Drouin,
yon milat, ak Masèl Numa, yon nwè, Divalie exekite
dèyè simtiè potoprens. Anvan Milo mouri li krashe nan figu
komandan Fow Dimansh lan, Franswa Delva. Divalye ak de kriminèl kon
Sentanj Bontan, Abel Jerom, disparèt yon pil fanmi milat kon Drouin,
Villedrouin, ak Sansarick.
( La ptit istwa.
Parantez pèsonel. Milo Drouin ak
Jeto Briè zanmi mwen, Chaly Foben, Jak ak Max Aman relasion familial, debake
lakay mwen nan Queens, New York, yon de mwa anvan invasyon-an. Mwen te
pwofèt jou sa-an e mwen te deklare tèt kale yo tout ta pwal mouri menm jan ak
Pèpiyan, Paskèt, Dominik. Wòl CIA ak trayizon
ayisyien parèy-yo pa jam klarifie jis jodi-a.) An nou
kontynue.
Papa doc vin
gen konviksion Toussaint, Dessalines, Christophe, Petion, Estimé, te reincarne
nan nam-li. Prezidan meriken Kennedy pat siyen avèk-li. Divalie pran kob meriken
te prete-li pou peyi-an, e li te deside sèvi ak mision marin kow blan meriken-yo
pou antrene makout-yo, men jan nou konnen Divalye pat fè lame tradysionel-la
konfians, ki te pran bot Estime. Li pat domy blyie. Washington
sispand tout asistans bay Franswa Divalie nan mitan
lanne 1962.
Divalie
te refize aksepte kon kondysion demand blan meriken
pou yo te kontwole lajan yo tap bay-la. Divalie deklare se yon nasionalis li
te ye e li renouse tout lajan meriken ta ka bali.
Sispansion lajan meriken-an pat jennen pèp ayisyien,
gwo chabrak Divalieris-yo te deja resevwa tout kob-la nan yon pèyi pov ak pèp-la
ki pa jam wè sink. Men Divalie te parèt kon yon David
la bib, ki tap goumen ak Goliat.
Divalie kontynue resevwa lot kontribisyon
multilateral (lot peyi). Lè Kennedy mouri 22 Novanm ’63
Divalierist anraje-yo bwè chanpay nan palè nasyional.(
La ptit istwa. Parantez pèsonèl. Fwè mwen Masèl ki
mouri lenmi motel Duvalie pran rout pou peyi san chapo le 22 Desanm 1986.
Prezidan Kennedy mouri 22 Novanm 1963. Gen moun ki di
se wanga Divalie ki fè yo mouri dat 22-an. 22 sete nimero chans Franswa.)
SIZYÈM E DÈNYE KOUT RIDO-
Apre lanmo Kennedy presyon politik sou Divalie ralanti. Se toujou konsa
ak tonton Sam, sa depand ki moun, ak ki pati ki
opouvwa. Washington boule ak gouvènman Divalie-an
a koz Fidel Castro ki tap voye moute ak komunis nan peyi Kiba.
Mwa avril lanne
1963 Divalie antre nan yon chire pit ak Juan Bosch
Gavino, prezidan dominiken. Bosch resevwa exile ayisyien-yo tèt kale pou ranvèse
gouvènman Divalie-an. Divalie voye gad prezidansiel-la ak
makout okipe chanselri Dominiken-lan, pou mèt anba kod yon militè ayisyien li te
kwè ki te eseye kidnape pitit gason-li Jan Klod, ak piti fi-li Simone.
Prezidan
Dominiken Bosch te file zepron-li e li deklare li te
pare pou anvayi peyi Dayiti. Bosch voye troup dominken-yo sou fwontyiè-an. Tout
moun te kwè Divalie ta pwal tonbe. Men
sa pa fèt. Militè dominiken-yo te
wè Bosch te gen de pyie twop a gosh.
Se Bosh ki
vin tonbe ak “bouzen” l’OEA-an jan Moriso ta di,
eskize lespresion, ki kase fèy kouvri sa. Apre sa
Divalie mare sosis-li sou pouvwa-an nèt ale. Dapre statistik ki piblyie gen yon
bon 30 mil moun ki mouri anba gouvènman kriminèl papa doc-la pou rezon politik.
Parantez pèsonèl. Sa se
la verite, kelke swa vye eskiz map tande pou defand papa dok. Gen moun ki di
mwen se Lavalas ak Divalyeris kap mennen nan peyi
d-Ayiti e yo pa renmen sa map di la-a. Yo plend bay Ari Jozèf pou pa kite
“ti-rouj” la pale, men ti rouj la ap vale teren, “ti rouj” la populè e li pa nan
bay manti.
Onè respè, mwen regrèt, se pa politik map fè, se
listwa. Mwen se la transparans nan
tout koze-m yo. Prezidan Dominiken Trujillo fè anpil pou
peyi-li men sete yon asasen. Pap doc pa fè yon ka bon bagay
sa diktatè dominiken-an fè pou peyi pa-li, e sete yon
asasen tou. Sa se yon lot verite.
Pliziè milyie
ayisyen kon politisien, aktivis, revolusionè, senp sitwayen, sitwayenn, kite
peyi-an pou yo pat mouri, pou yo te ka manje. Anpil
ladan ak fanmy-yo remèsyie Satan papa doc-la ki te
fose-yo kite peyi-an. Jodi-an a letranje, yap mennen, e yo menm ak desandan yo
ki kontan yo kite lanfè peyi Dayiti Toma-an.
Gen ayisyien
tou patou sou la tè: sesa ki rele dizièm depatman-an. Gen ayisyien ki chwazi
blyie rasin yo nèt ale. Non Ayiti-an kont pou fè yo
rand fyèl-yo. Gen lot kon mwen ki pap janm blyie rasin-mwen.
Twop bon moun
mouri pou mwen ta blyie-yo tou akoz lot vakabon malfektè ayisyen. Jan blan
franse-an konn di: “ Tout dans la vie c’est une
question de choix. Chacun son goût.”Mwen fè chwa pa-m.
BON.
POU MWEN FINI ZANMI MWEN YO.- Lè Baron Samdi
Franswa Divalie tap mouri nan bra anbasadè meriken Knox, vil potoprens, li
nonmen pitit-li Jan Klod, prezidan-a-vi Dayiti. Depatman deta Washington
te dakò tèt kale, lelit milat-la ki te kite job leta
pou li te rantre fon nan komès, yon pati nouvo klass mwayenn nwè Divalie-an ak
la tryie deside pou kontynye Divalierism san papa doc, pou bienèt tèt yo ak la
pè nan peyi-an.
Mezanmi,
sa se yon lot istwa, revolysion 7 fevrie 1986 la. Si-m
pa mouri ma fè yon lot rale sousa . Mèsi anpil pou
ekout-nou jodi-a. Mèsi Ari Jozèf.
Na pale lot dimansh si granmèt la vle.A vous Radio Haiti Focus.